ACTUALITE


Eske Yves Léonard se yon BOUWO oubyen yon VIKTIM ?

Yves Léonard , Photo de Coup d'oeil magazine




Randevou a te kase pou jodi lendi 21 janvye 2019 la, nan King Dom otèl nan komin Taba, a 10è nan maten, kote Yves Léonard te envite laprès vin tande vèsyon pa li a. Se te nan yon sal ki te boure ak jounalis,  fanatik, zanmi, fanmi e senpatizan Léonard ki t’ap reklame jistis pou Lidè yo PDG King Dom nan, pankad nan men, mayo jòn sou yo ki make TEAM LEO, t’ap chante epi mete animasyon.

E se te sou gwo aplodisman konjwen  Nice Simon an te antre nan sal la, e pran la pawòl.

 Pou n’ raple nou, Nice Simon te fè konnen Yves Léonard te bat li byen bat jou ki te 1è oktob la, jis li manke tiye l. li te depoze yon plent kont konjwen an, kote yo te mete yon manda pou nenpòt kote lapolis jwenn ak Léonard pou yo arete l, pote l bay lajistis, kòm kwa li akize de kidnapin, bastonad, kou ak blese elatriye….

Aprè plizyè ankèt, komisè ki te chaje de dosye a ki se Jij Wando Saint-Villier, anile manda damne a kont Léonard, yon desizyon majistra Taba a pat dakò l ditou, e avoka aktris I LOVE YOU ANNE nan, te tante fè lòt tantativ pou dosye a ka rive pi lwen, kòm kwa, Yves Léonard ta gen lajistis la nan pòch li. 
Léonard te tante bay vèsyon pa l la jou ki te 17 janvye a nan otèl LE PLAZA, sa ki pat arive fèt paske òganizasyon Fanm yo te twouble e kraze konferans pou la près la, kòm kwa yo ta vle mete yon baboukèt nan bouch mesye a pou l pa pale. Men se byen domaj, menm si moun nan koupab ou inosan li gen dwa a la pawòl tou, nou pa ka tande yon sèl son klòch, nou tande majistra, e nou ta byen renmen tande Léonard se te Mme Yvette Sanon ansyen direktris afè sosyal nan meri Taba a ki t’ap pale konsa, e li fè konnen li kondane vyolans sou tout fòm, men verite a fòk li konnen l.

Ebyen Yves resi sòti nan silans li pou l eseye lave imaj li ki sal, ki trennen nan labou, kote manman pitit li trete l de kriminèl, e sa te vin koz biznis li vin ap mal mache. Yves Léonard fè konnen, jou swa sa a, li te kouche e madanm li te kouche bò kote l ak chemiz de nwi epi telefòn madanm li vin sonnen, li sòti deyò a sou balkon an pou l resevwa apèl la, epi majistra a depoze telefòn nan sou tab de nwi an li deplase, (toujou Yves Léonard kap pale) li di li yon ti jan sispèk pou apèl la, li pran telefòn nan pou l verifye kiyès ki te rele madanm li ta konsa, (anviwon 11 è nan aswè) se konsa madanm li vole sou li pou l anpeche l ouvè telefòn nan, kòm kwa li ta gen yon bagay l'ap kache, se nan konsa, madanm li mòde tèt dwèt li, pou l lage telefòn  nan, men misye fè tèt e li mòde fi a tou…. Epi li pouse l, madanm nan tonbe e li frape anba zye l nan kan kabann nan, epi li rele « Woy zye m pete » epi se rete Léonard rete li wè Nice leve li tonbe voye boutèy pafen ak tout sa ki tonbe anba menm l sou misye… Misye rele «  Nice ou fou ? » se konsa Nice di l’ap tiye tèt li, eseye vole anba sou balkon an, nan eseye anpeche l. aprè vin gen  yon bon ti dyalòg, e Nice rele sèvant timoun li a, pou l di l, sa ki sot rive a pa gade pyès moun, e li pa vle sa sòti deyò, epi Nice rele nan resepsyon an li fè resepsyonis lan mete kle youn nan machin yo nan twou fenèt pou li…. Li di Léo, « Léo ou mèt al dòmi m’ap vini talè, m’ap fin regle yon bagay… se konsa Léonard al dòmi, se nan demen maten li aprann madanm li te tann li dòmi, pou l te lage kòl nan yon fenèt pou l kite otèl la nan nwit lan… 
aprè se sou rezo sosyal yo Yves Léonard fè konnen li aprann tout bagay ki te pase yo….

Aprè kèlke kesyon jounalis te poze, Léonard fè konnen, li renmen madanm li anpil, e li plis vle la pè… paske l’ap soufri, madanm li ap soufri e timoun yo ap soufri anpil tou.

Kesyon n’ap poze tèt nou kounye a, eske Yves Léonard se yon BOUWO oubye yon VIKTIM ?
E nou ret kwè lajistis ap fè limyè sou sa, pou dosye sa fini, pou n manyen pwoblèm peyi nou.

Mr Frantz Emmanuel SANON
Coup d’œil magazine
4000-5119
Emmanuel2sanon@gmail.com

Aucun commentaire:

Enregistrer un commentaire

Espace Pub

Espace Pub

Tweets #haiti

Gou Lakay

Gou Lakay
Gou Lakay Production